Senlwidinò/Enfrastrikti : yon atelye travay òganize nan entansyon pou avanse avèk asenisman Karitas yo.

2,217

06-03-2022

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Se jodi vandredi 3 jwen an, yon atelye travay tanmen nan komin Senlwidinò avèk Plan Communal Devlopman (PCD) ki soti nan komin Ansafolè, Lapwent Dèpalmis, Senlwidinò ak direktè planifikasyon an, Kesly Amency akonpanye Karitas; yo tout te mobilize nan yon anbyans bwase lide ak refleksyon sou avansman plizyè pwojè Karitas ap ekzekite nan 6 seksyon nan 3 komin ki site avan yo.

Komin Senlwidinò antann yo pou kontinye travay wout 4èm seksyon Rivyèdèba a ak wout 1èm seksyon Gicha. Pou Ansafolè, wout Kòtdefè a te jwen priyorite aa 2èm seksyon . Epi finalman, wout Wozo nanLapwent Dèpalmis jwen benediksyon alòske repozwa 1èm seksyon an ap genyen pou finalize.

Daprè manm PCD yo, pwojè sa yo pwal fasilite plis aksè pou penetrasyon, entèkoneksyon ak echanj nan seksyon benefisyè yo.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.