Peyizan yo nan depatman Nòdès peyi Dayiti tanmen yon 3èm kanal irigasyon.

921


04 – 29 – 2024

Fòlibète, Ayiti____(TRiboLAND) Peyizan yo nan depatman Nòdès peyi Dayiti, patikilyèman nan zòn Farinen, tanmen yon 3èm kanal irigasyon nan lide pou awoze plizyè milye ekta tè k’ap resevwa gwo pataswèl anba reyon solèy la, chak jou ki jou.

Objektif 3èm kanal irigasyon sila, se kontinye batay pou konbat lavi chè ak kaba grangou.

Plizyè peyizan ak fòmann ki t’ap pale nan moman kòmansman travay la fè konnen, y’ap pouswiv jiskobou yon mannyè pou rivyè ak latriye ravin k’ap gaspiye yo, rive awoze kantite tè k’ap gaspiye yo.

Comments are closed.