Lapolis nan vil Kap-Ayisyen anonse ke yo poze lapat sou yon gwo koure mann gang Kowalisyon “Viv Ansanm”.

813


04 – 29 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti____(TRiboLAND) Sèvis Direksyon Polis Jidisyè (SDPJ) nan 2èm vil peyi Dayiti a, anonse ke yo mare kou krab, yon gwo koure manm gang Kowalisyon “Viv Ansanm” ki pote non Jameson Jean alyas Sonson, ayè dimanch 28 avril 2024 la nan ayewopò a, nan moman li tap tante ki te peyi a pou rantre USA.

Enfòmasyon Lapolis pataje sou kont ofisyèl li, ta fè kwè, Jameson Jean alyas Sonson, se ta yon prezime gang Tibwa ak Kris la, kap opere nan depatman Lwès peyi Dayiti.

Nan moman n’ap pale la, gwo koure Jameson Jean alyas Sonson, ki te konn jere kont Zelle pou lòt gwo koure Kris la, mare nan poto SDPJ nan vil Kap-Ayisyen.

Comments are closed.