2 lòt ka kovid-19 nan CODEVIT

Pòtopwens___(TRiboLAND) Compagnie de développement industriel (CODEVIT) ki localize nan depatman Nòdès peyi Dayiti, kontinye ap pran gwo sekous kovid-19 la, dapwè pwezidan Centrale Autonome des Travailleurs Haitiens (CATH), Fignolé Saint-Cyr ki konfime 2 resòtisan dominiken teste pozitif pou kowonaviris.
Saint-Cyr ki konfime ke plizyè lòt moun ki te toujou nan kòkòday ak dominiken yo, pwezante sentòm ki tèt koupe ak kowonaviris la.
Pi lwen, sendikalis deklare ke yo te oblije retounen 2 dominiken yo lakay yo; sepandan li pa kache pwewokipasyon l pou sitiyasyon travayè yo nan CODEVID ki deja anrejistre pwèske yon douzènn ka enfekte.






