Komite jesyon kanal irigasyon Larivyè Masak la mande tout estrikti kap kontinye pote èd pou konstriksyon an, fè yo konnen avan.

969

09-25-2023

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon nòt komite jesyon kanal la pibliye jodi lendi 25 septanm 2023 a, nan sousi pou pèmèt gen yon pi bon jesyon ki fèt nan èd kap pote pou avansman travay konstriksyon kanal.

Komite jesyon an mande pou moun ou byen estrikti kap vin pote èd yo, rele yo avan pou fè yo kon nen kilè yap pote kole. Konsa, yo mande pou estrikti sa yo pote manifès materyo yo. Men, pa genyen livrezon kap fèt nan kanal la.

Toujou nan nòt la, komite a di, n’ap site: “li pa bon pou nap jere anpil depo; pafwa se gravye yo bezwen epi nou pote siman, yo ankouraje moun ak estrikti kap pote èd yo achte pwodwi ke n’ap ofwi yo nan vil Wanament pito; epi yap fè livrezon yo tanzantan lè komite a bezwen yo”.

Komite a pwomèt pou bay yon vrè depo ki gen sekirite. Daprè nòt la, komite a di depo yo te fè sou kanal la se yon depo pou mete materyo pou yon jounen travay. Se yon depo ” tanporè” yo te fè ak tòl. Yo sipliye moun ak estrikti kap pote èd yo pou kanpe nan kafou famasi “Alternative” la Wanament e yap di yo tout sa pou yo fè.

Nou kapab kontakte komite a nan : +509 42 11 94 49 se li ki whatsApp la tou. Komite a ki remèsye tout moun, li fè konnen si yo respekte konsèy sa yo yap reyisi kanal la a 100% e san pwoblèm.

Nòt sila ki pote siyati, Trezorye komite jesyon kanal irigasyon sou Larivyè Masak la ki se GASTON ETIENNE.

Comments are closed.