Gouvènman Moise-Jouthe sèmante pou eradike fenomèn bandi nan peyi a

322

Pòtoprens___(TRiboLAND) Kesyon “Sekirite Piblik Kè Kase” te youn nan dosye tèt fè mal ki te diskite anpil nan 56èm Konsèy Ministriyèl gouvènman Moise-Joseph la nan Palè Nasyonal, mèkredi 5 out 2020 an.

Sou direksyon prezidan repiblik la, sesyon an dure 6 zèd tan, kote ke Jovenel Moise reyitere detèminasyon li pou li eradike pichon alkali ensekirite sa k’ap taye banda nan tout kwen peyi a. Yon sitiyasyon kote ke prezidan an estime ke popilasyon an pa kapab ankò.

Daprè minis kominikasyon an, Pradel Henriquez ki tap fè yon rabwasaj sou kontrandi konsèy ministeryèl la, konfime enstriksyon fòmèl chèf Leta a deja adrese a plizyè antite konsène tankou: Premye Minis la, Minis jistis la, Minis defans la, Minis enteryè ak kolektivite tèritwa yo, Sekretè deta ak sekirite piblik la, ak PNH la ki dwe aji san pèdi tan yon fason pou retabli sekirite tout kalite atravè peyi a.

Toujou daprè Minis Henriquez, “pou detèminasyon ke tout gouvènman an manifeste an blòk, jou bandi yo pral konte nan jou kap vini la; yo pa’p genyen lòt chwa. Fòk lakwa kite lakay popilasyon an pou li ale lakay bandi yo tou”, daprè minis rapòtè a ki estime ke rèyn bandi yo fini fwa sa! Se yon seri deklarasyon ke moun tande deja e ki ta sanble tèt koupe ak deklarasyon ki te ranvwaye ansyen minis jistis la, Lucmane Delille sou ban touch!

You sous konfidansyèl ke TRiboLAND kapab fè konfyans, rapòte ke gen gwo tonton “presyon lòt bò dlo atravè “Core Groupe” ka’p fèt sou gouvènman Moise-Joseph la ki soufri chak jou Bondye mete, yon anemi nan nivo gouvènabilite nan tout domènn.

Akote yon trokèt ensekirite a, gouvènman an te fè bwasaj tou sou kriz kowonaviris la, enèji ak bidjè 2020-2021 pou site sa yo sèlman.

Comments are closed.