Depatman Deta ameriken sanksyone Laurent Lamothe pou 60 milyon dola gagotay Petwo Karibe a.

1,207

06-02-2023
Aprè peyi Kanada, Depatman Deta ameriken sanksyone ansyen PM Laurent Lamothe pou dwèt long siperyè ou fè wout kwochi avèk 60 milyon dola blan meriken.

Antony J. Blinken, nan moman li tap entevni, deklare ke ansyen minis planifikasyon peyi Dayiti a, sanksyone akoz enplikasyon li nan kòripsyon ra gagann nan mal jere Fon Petro Karibe a. Blinken kontinye pou’l di, poulen an tap itilize fonksyon li e kontribye nan kreye enstabilite anndan peyi Dayiti.

Nan menm anons sila, ansyen PM lan entèdi pou l pa pile pwent pye’l, lakay Tonton Sam, ki ankouraje tout aktè pwomote responsablite bay tout sa ki pran yon malen plezi ap abuze pouvwa yo pou regle bagay pèsonèl yo.

Comments are closed.