10 zan apwè gwo katastwòf latè tranble a, enkonpetans nou pa sispann kreye plis dram

0 395

 Pi gwo katastròf peyi lakay pa janm konnen, se dirijan ou sitwayen apatrid ki ensansib fas a flewo sa ki kanpe ankwa fas a devlopman yon ansanm konesans, valè moral, fizik, entèlektyèl ou siyantifik nan peyi Dayiti. La nou vle pale de yon gwoup moun ki pa sispann fè pwomonsyon “obscurantisme” nan sosyete sa ki deja ap rantre nan listwa a rekilon. Absans yon detèminus istorik ki pou kreye yon kilti ki sansib fas a devlopman pèsonalite ou entegrasyon sosyal endividi ayisyen an pa janm anvizaje.

Konsa, moun viv plis enpidisite moral, absans de transmisyon konesans, absans de yon kilti ki pa kwè nan “bati moun” ou potansyèl imen, absans emansipasyon endividyèl ou kolektif pou yon kilti dezire, enstitisyonalizasyon analfabetizasyon ki yon kansè sèt tèt kap rine endividi ayisyen an chak jou. Se pa san rezon, nasyon an devni retade, rabougri e vilnerab fas a nenpòt evantyalite.

Anplis, gade ki sa ki rele “lekòl” e “edikasyon” anndan peyi a; gade ki sa ki konstitye bidjè edikasyon nasyonal anndan peyi a; gade ki sa ki rele nòm ak moralite nan sosyete a; gade kòman e ki moun popilasyon ayisyènn nan ap vote kòm pwezidan, senatè ou depite anndan peyi a ki responsab pou lejifere lwa sou tèritwa a. Kidonk, tout kansè sa yo pa sispann sal ou fini moralman ak konpetans nan sosyete a anba yon leta ki chwazi fè tèt li pase kòm yon senbòl de wont, tanp enpidisite, rekèy nagativite, kòripsyon enstitisyonalize, gouvènans kokoratize, povwete absolu e ridikilize entènasyonalman, yon replica de tout sa ki kapab devalorize yon sitwayen nan yon espas ke se inasèptab ki inik nòm.

Pwèske tout dram peyi Dayiti konnen atravè tout istwa li, se rezilta flewo sa ki se yon absans edikasyon ou emansipasyon. Evènman latè tranble 12 janvye 2010 yo, te ekspoze vilnerabilite ak degre enkonpetans leta peyi a an tèm gouvènabilite ou devlopman imen. Se nan epòk nwa sa tou ou pral vinn wè yon solidarite entènasyonal enpekab avèk pèp ayisyen an ki te anba yon chòk sosyal san pwesedan. Konsa, se akòz vilverabilite sa oubyen kilti anemik onivo gouvènabilite ke se etranje ki te oblije pran anchaj Fon Rekonstriksyon Ayiti a sou pwetèks pou li pat gaspiye! Vrèman, anpil dirijan nou yo toujou afiche yon seri imaj ki pafwa fè pwèv de yon kosyan entelijans ki ase ba (gouvènabilite, konpetans, vizyon, moralite ou patriyotism). Yo fè peyi a plis tò ke yon etreanje fè! Yo kreye pètibasyon sismik e redwi dinyite sitwayen lakay yo kòm yon senp ekspwesyon. Menm pwovisyon alimantè etranje a mete disponib pou sa yo ki sinistre, yo pito kite li gate oubyen sere li pou bay lè eleksyon.

Nou kreye yon kilti ki trè souvan ki pa danse kole avèk vizyon ak planifikasyon. Malgre tout deranjman sosyal sa yo, dekadans entelijans emosyonèl sa yo, sosyete a twouve li ok pou antite sa yo aksede nan perimèt afè leta a ak yon nivo pweparatwa ou elemantè. Rezilta: enkonpetans nan tout nivo! Peyi ap degrengole! Kriz sou kriz, djak sou djak, e dram sou dram nan yon moso tè ki devni yon replika soufwans imènn pou rès monn nan!

Fakilte pou nou ta arive konvèti dezas sosyal nou yo, kalamite nou yo, stati deklasman sosyal peyi a ap viv, ak imilyasyon nap pran, pa la ditou. Okontrè, li fasil pou konstate absans de yon “entelligentsia” ou yon resipyan entèlèktyèl ki kapab gide sosyete a nan chemen rezon. Konsa, etranje pap ka azade yo ap deside pou nou, pran nou pou gaga, achte konviksyon patriyotik nou e trete nou de nenpòt ki.

Nou gaspiye tan nou nan patoje nan inaksyon, bagay sansans ki pa fè lòt bagay ke gaspiye ou devalorize moun ak anviwònnman nou an. Anpil nan nou dote de yon sèten konpetans inikman pou diminye ou devalorize pwòp zantray nou, alòske nou bat ba e di avouzòd devan nenpòt ki etranje! Oh konbyen li tris, nan yon match ki opoze Ayiti-Bwezil, ou twouve ayisyen kap pwefere aklame ekip Bwezil kont seleksyon nasyonal lakay yo. Tout jan manifestasyon sa yo afiche yon kriz idantite ak oto-defans entèlèktyèl ki pa reflete nan emansipasyon nou. Kwè’m sou vle, se pa fasil wap jwenn konpòtman sa yo lakay lòt pèp. Ti bwezilyen an pa bezwen moun fè l konnen ke “lakay se lakay.”

Kidonk, elit etèlètyèl pèp sa yo trè veyatif; yo konstitye yon avangad ki wè enterè lakay yo avan tout bagay. Sa ki pi rèd yo pap vann zantray patriyotik yo pou fè lòt pèp plezi.

Konsa, 10 lane apwè evènman regretab e amè sa, dirijan nou yo pa pran leson ditou! Yo kontante yo ap batay nan yon bout pale tou kraze pandan yon deseni. Kondisyon moun nan Kanaan ak anpil lòt kote atravè kapital la senbolize degou, lawont, ak repiyans; alòske Fon Rekonstriksyon peyi Dayiti a plonje nan tenten; swa dizan pwezidan, senate, depite, lidè politik ap naje nan kòripsyon e dòmi kè pòpòz anba manto imunite. Lidè sa yo ki afiche enkonpetans, lage peyi a nan yon sekous sismik ak tsunami ki pi trajik ke 12 Janvye 2010.

Jacob Bendalham, TRiboLAND

Leave A Reply