Direksyon imigrasyon Repiblik Dominikèn pare pou voye tounen nan peyi Dayiti anviwon 49 konpatriyòt ayisyen.

814


04 – 27 – 2024

Dajabón, R. Dominikèn____(TRiboLAND) Peyi vwazen kontinye ap chase ayisyen lakay yo. Nan kad yon operasyon ajan imigrasyon yo mennen jounen vandredi 26 avril 2024 la nan vil Dajabón, ajan Sèsfwont yo rive rabat anviwon 49 konpatriyòt ayisyen ki t’al chèche lavi san papye nan peyi yo.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, pami 49 konpatriyòt ayisyen sa yo, nou jwenn 38 gason, 6 fanm ak 5 ti lèzanj.

Nan moman n’ap pale la, ajan Sèsfwont yo deja remèt ayisyen sa yo bay direksyon imigrasyon peyi Repiblik Dominikèn yon mannyè pou refoule yo nan peyi Dayiti.

Comments are closed.