Grèv DAP nan prizon sivil Kap-Ayisyen an lage prizonye yo nan tout sak pa bon.

813


04 – 26 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti____(TRiboLAND) Polisye yo nan Direksyon Administrasyon Penitansyè (DAP) nan 2èm vil peyi a tanmen yon grèv plizyè jou, sa ki lakòz yo pa resevwa manje nan men fanmiy ak zanmi prizonye yo e egzije yo tounen lakay yo ak ti kichòy yo.

Enfòmasyon sal redaksyon nouvèl TRiboLAND rive jwenn konsènan objektif grèv polisye yo, DAP yo ta fè kwè, yo reklame yon frè pou DAP, gratifikasyon ak egzije bon jan kondisyon travay.

Pou jounen vandredi 26 avril 2024 la, paran fanmiy ak pwòch prizonye yo ki te move kou kong fè konnen, li pa posib pou polisye yo kontinye ap bafwe dwa prizonye yo.

Polisye yo bò kote pa yo, deklare ke tout otan yo pa reponn ak demand yo, paran fanmiy ak pwòch prizonye yo pap janm gen aksè pou pote manje bay prizonye yo.



Comments are closed.