Kap-Ayisyen / Komemorasyon:Yon jèb flè depoze nan memwa ansyen chèf Leta Jovenel Moise

2,909

07-07-2022

Madeline, Okap____(TRiboLAND) Fanmi ak Senpatizan ansyen chèf Leta asasinen an, Jovenel Moïse, depoze nan memwa li, yon jèb flè jounen jedi 7 jiyè 2022 a, nan Kap-Ayisyen.

Nan prezans divès ansyen gwo chabrak tankou : Claude Joseph, Ardouin Zéphirin, Osé Daniel, divès palmantè ak ansyen majistra, ansyèn premyè Dam nan Martine Moïse, akonpanye 2 pitit li yo (Jormalie, ak Junior Moïse) te depoze, nan memwa prezidan asasinen an; yon ofrann floral sou Mozole li a nan abitasyon Madeline nan vil Kap-Ayisyen.

Jèb flè sa a san dout, depoze nan lide pou komemore premye lane lanmò prezidan “Moun Tèt San Cheve” yo ki te asasinen lakay li Pèlerin #5 nan dat 7 jiyè 2021.

Sepandan, pou komemore yon parèy dat, gouvènman Ariel Henry a ak divès gwo potanta, kò diplomatik, te rann yo nan MUPANAH nan kapital peyi Dayiti. Ke tout patisipe sa yo fè yon sel feso pou ede fanmiy defen an jwen jistis san ipokrizi!

Comments are closed.