Administrasyon jeneral palè nasyonal mande tout ansyen kolaboratè Jovenel Moise yo pou yo retounen materyèl sèvis yo san pèdi tan

1,079

07/29/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan yon nòt papye tenbwe ke li fè sòti, Sekretè pwezidans lan ankouje tout moun ki te fòme kabinè ansyen pwezidan an e ki tap delivwe sèvis, pou yon retounen san pèdi tan tout materyèl ou ekipman ke yo genyen nan men yo. Selon nòt la, annafè yo genyen jiska 16 jwiyè 2021 pou yo retounen materyèl sa yo.

Antouka, selon responsàb yo, yon parèy dispozitif antre nan kàd yon envantè ke administrasyon jeneral Palè nasyonal mete sou pye yon fason rekupere tout byen ke konsène ki tap delivwe sèvis ki pat fonksyone ankò tou swit apwè lanmò Chèf Leta a.

Selon responsab Sekretè jeneral Pwezidans lan, Lyonel Valbrun, yo pare pou itilize yon seri lwà repiblik la pou fòse konsène yo remèt materyèl say o ki rele Leta chè mèt chè mètrès. Nap raple, konsène yo genyen jiska 16 dawou 2021 pou yon konfòme yo ak yon parèy dispozitif.

Comments are closed.