Bandi “Viv Ansanm” yo sèmante fòk yo pran palè nasyonal jodi samdi 13 avril 2024 la.

805

04 – 13 – 2024
Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Bandi sangwen “Viv Ansanm” yo sèmante fòk yo pran palè nasyonal jodi samdi 13 avril 2024 la.

Nan moman nap pale la a, bandi sangwen, kriminèl “Viv Ansanm” ap boukante kout zam ak Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) sou Chanmas nan Pòtoprens, objektif bandi yo, se anvayi e mete men sou pale nasyon an.

Daprè rivyen yo, sitiyasyon sa a, lakoz tout abitan ki abite nan perimèt Chanmas la; kouri kite lakay yo anba gwo kout zam. Anbouteyaj ak katchouboumbe tout koulè lakoz: chofè taksi moto yo, chofè tibus Delmas yo, chofè bus Petyonvil yo ki tap asire transpò nan san vil la, oblije fè yo detou o ukase tèt tounen.

Comments are closed.