Ajan BSAP yo nan komin Lenbe mare kou krab 2 Jamayiken nan zòn Seminè.

812


04 – 25 – 2024

Lenbe, Ayiti____(TRiboLAND) Apre operasyon rate ajan PNH yo kont plizyè Jamayiken ki sanse vin kache kò yo nan komin Lenbe, ajan BSAP yo ki pap dòmi, poze lapat sou 2 gwo koure jamayiken nan zòn Seminè.

Dapwè enfòmasyon responsab PNH yo pataje ak nou, genyen gwo dout sou jamayiken sa yo ki te sòti Pwovo e vin kache kò yo nan komin Lenbe e nan konivans ak majistra a kise Wildon Payoute.

Temwanyaj bò kote popilasyon an pa jwe anfavè etranje sa yo, yo pa vin fè lòt bagay ke twouble lapè piblik, tire kout bal pasi pala, fimen bòz, poun site sa yo sèlman.

Nan moman n’ap pale la, 2 Jamayiken sa yo deja anba men kòmandanSeminè pou swit legal yo.

Comments are closed.