Pakè Pòtoprens mande ak jij Jean Wilner Morin pou voye ansyen DG Dwàn Pòtoprens lan ak tout madanm li al jije devan tribinal kriminèl pou kòripsyon.

877


04 – 25 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Nan kad yon dènye rekizisyon Pakè Pòtoprens rann nan dosye kòb ki t’ap blanchi nan Dwàn Pòtoprens lan, Ministè Piblik la mande ak jij Jean Wilner Morin pou voye ansyen DG Dwàn nan, Romel Bell ak tout boubout li al jije devan tribinal kriminèl.

Ministè Piblik la nan kad dènye rekizisyon an fè konnen, mesye Romel Bell ak tout Madanm li, dwe ale devan tribinal kriminèl pou plizyè rezon pami yo, Fo deklarasyon patrimwàn, fè kòb nan move kondisyon, kòripsyon ak dwat long, poun site sa yo sèlman.

Desizyon sa a rekòmande pou divès lòt endividi pouswiv egalman nan kad detounen kòb Leta jwen kichòy pa yo; sof, Pè Duckens Augustin ki epanye nan rekizisyon sila.

Li enpòtan pou konnen, se te nan tèt kole ak kont bankè Pè Duckens ansyen DG dwàn Pòtoprens lan ta pral gagote e blanchi plizyè milyon dola vèt kou powo ki te sòti nan Leta a.

Comments are closed.