Ajan PNH yo nan Pòtoprens devye yon tantativ kidnapping.

1,107

04-02-2023

2 bandi bwè dlo bouch yo, yon zam sezi, se bilan devyasyon yon tantativ kidnapping nan Pòtoprens, jounen dimanch 02 avril 2023 a.

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon patwouy ajan PNH yo te òganize byen bonè maten dimanch 02 avril 2023 a, yo arive devye yon tantativ kidnapping nan Pòtoprens kote, 2 prezime bandi fè vyèl pou peyi san chapo e yon zam arive sezi.

Ajan PNH yo fè konnen, nan moman devyasyon kidnapping nan, bandi yo ki tap sikile sou yon ti machin SABARU, plak: BB-12294, koulè wouj, san ezite te rantre nan boukantaj kout bal ak yo.

Otaj yo te arive chape poul yo anba men prezime kidnapè yo, dapwè Lapolis, gaye nan lanati, pandan ke yo mansyone yon plim cheve nan tèt yo pat gentan sòti. Bravo PNH!

Comments are closed.