Direktè Louis Edner Yacinthe trè konteste nan tèt Polis la nan depatman Grandans lan

865

04 – 11 – 2024

Grandans, Ayiti _____(TRiboLAND) Vag ensekirite a ap pyafe nan depatman Grandans, pou tan Direktè depatmantal PNH la ap regle zafè-l. Daprè yon enfòmasyon ki soti nan Inite pou met lòd nan depatman (UDMO), DDG PNH la vann 2 konntenè Ajan UDMO yo te fè baz, epi fè yon akwolit li kado yon lòt.

Komisè Divizyonè Louis Edner Yacinthe

Moun Grandans pa sispann plenyen pou Komisè Divizyonè Louis Edner Yacinthe, ki daprè yo pap regle anyen nan Polis la. Vag ensekirite a pa sispann taye banda, pandan direktè a pa sispann fonksyone nan mare sosis ak moun ki ta sanble ap fè sak pa sa.

Divès moun Grandans menm mande wo kòmandman PNH la pou retire pwazon an nan depatman an, ki pou yo menm se yon konwonpi ki pa ka garanti sekirite.

Nap raple, Louis Edner Yacinthe te genyen gro ramifikasyon ak gang Ti Bwadòm, lè li te nan Nòdwès peyia. Aktivite danse kole ak gang, se te yon fason pou li te toujou jwen fasilite pou kite yon seri kontenè komèsan pase, pandan lap chaje malere yo konbyen milye dola vèt.

Louis Edner Yacinthe, se yon kansè ou yon gang PNH. Dega bagay sa fè nan Nòdwès peyi a, pa genyen bouch pou pale la! Li ta sanble se nan move kondisyon sa yo li fè gwo magogo nan bay gang pasaj yon fason pou li fè fòtinn ak kontenè komèsan.

Comments are closed.