Anthony Pascal alyas “Konpè Filo,” jounalis angaje di planèt la orevwa

303

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Laprès anndan peyi Dayiti pran yon gwo kou jodi vandredi 31 jwiyè 2020 an avèk sakad lanmò yon pyonye pami pitit ginen yo, yon jounalis angaje, yon animatè san parèy nan emisyon KALFOU sou Radyo e Televizyon Ginen, Anthony Pascal alyas  “Konpè Filo” mouri aprè midi a nan OFATMA, kote li t’ap pran swen pandan plizyè jou.

“Konpè Filo,” se youn nan rar jounalis angaje ki te genyen konviksyon nan batay pou demokrasi boujounen nan peyi Dayiti. Li te konnen anpil pèsekisyon ak egzil sou rejim diktatè Duvalier a.

Yon pròch jounalis selèb la fè eta de yon maladi dyabèt ke li tap andure depi dig dantan. Tonbe yon parèy mapou pral kreye yon vid ki pral trè difisil pou laprès kiltirèl nan peyi Dayiti konble.

Comments are closed.