Gwo lapli kap tonbe sou komin Tigwav dènye jou sa yo, lakoz gwo aktivite dlo desann ak kay kraze

656


04 – 24 – 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Gwo lapli kap tonbe sou komin Tigwav dènye jou sa yo, lakoz tout rivyè yo desann epi inonde kay popilasyon an; mete sou sa, dlo anvayi sant vil la, boure rigòl, kanal, lari a ak fatra ou labou.

Yon sitiyasyon ki lage gwo tèt chaje ak panik bò kote abitan kap viv nan anvironman rivyè yo, ki chak fwa yo wè tan an mare nan tèt mòn, yo genyen gwo kè sote nan dòmi yon je louvri, yon je fèmen daprè kèk sitwayen.

Sitwayen yo, ki pa mete dlo nan bouch yo pou kritike yon seri pitit Tigwav, yo di ki entegre pouvwa PHTK moun Tèt San Cheve yo ki minis finans, minis anviwonman, minis komès, direktè jeneral, Sekretè jeneral palè nasyonal pandan 10 dènye ane yo, ki jwi tout privilèj yo, san yo pa fè anyen pou make pasaj yo nan site F,

Nan sans sa a, abitan yo mande otorite lokal ak santral yo pou aji vit pou kire rivyè ki pi menasan yo, pami yo, Rivyè Ladig, Rivyè Kayiman, Rivyè Dlo Piti, Koutis, Pwovans elatriye. on fason pou amelyore soufrans popilasyon tigwavyèn nan anba gwo menas rivyè yo.

Nap siyale pou lektè ak lektris TRiboLAND yo, pon rivyè sa yo, desèvi moun nan 3 depatman tankou: Nip, Gransid, Grandans ak rès depatman lwès peyi Dayiti.

Comments are closed.