Yon avyon ateri pou yon pwemye fwà nan komin Jan Rabèl : popilasyon an reyaji ak anpil kontantman

1,020

08/10/2021

Jan Rabèl______(TRiboLAND) Jounen vandredi 6 out dènye se te rejwisans nan popilasyonkomin Jan Rabèl patikilyèman sitwàyen nan lokalite Bòdmè Jan Rabèl lòske pou pwemye fwà yon ti avyon misyonè MAF arive ateri sou yon pis gwotèsk.

Reyalizasyon sa ki parèt nan sye yon pakèt sitwàyen kòm yon evenman istorik, san parèy, yon etap ki boujonnen lespwà pou dote komin Jan Rabèl aksesibilite pou yon evantyèl sèvis transpò ayeryen, dapwè Pastè Maurice Rémy.

Dapwè Pastè Rémy, li te 9 : 00 nan maten 6 out 2021 an, timoun kon granmoun te soti nan plizyè kwen kominotè pou vinn gade ak 2 je nawè yo ki sa ki yon avyon; yon aparèy ke yo te toujou ap gade sèlman nan syèl. Pastè a rapouswiv pou li di, yon parèy akonplisman pwàl ouvwi lòt opòtunite ki kapab kontribye ak devlopman ekonomik komin Jan Rabèl.

Avèk supò yon misyonè etranje, Daddy Brian ki bay yon parèy inisyativ anpil jarèt. Se yon gwo avanse pou komin patwon Sen Jan Batis la, Jan Rabèl, dapwè plizyè obsèvatè nan popilasyon an ki tap fè foto.

Comments are closed.