Pri viza atis etranje ki deside pèfòme nan peyi blan meriken ap grenpe mòn seryezman.

817


04 – 24 – 2024

Wachennton, Etazini__(TRiboLAND) Gouvènman Joe Biden nan deside revize pri viza atis etranje yo nan jou k’ap vini la yo.Yon atis etranje ki swete al pèfome nan peyi Etazini apati dat premye me kap vini la a, ap gen pou peye anviwon 1615 dola vèt kou powo pou achte yon viza.

Pri viza a, ki te 460 dola, pase nan yon wotè fenomenal 1615 dola, swa yon ogmantasyon 250% parapò ak pri avan an.

Dapwè sa VOA kreyòl pibliye, desizyon sa a lage anpil wounou wounou, nan mitan sektè mizikal la, patikilyèman plizyè atis etranje ki swete al pèfome kay Tonton Sam.

Comments are closed.