Yon lòt penitans pou moun Nòdwes: gwoup gang sangwen Tibwadòm kidnape yon gwoup vwayèjè

1,037

Gwomòn, Ayiti_____(TRiboLAND) Gwoup gang sangwen Tibwadòm kidnape yon gwoup vwayèjè abò yon ti Hiace ki tap soti Pòtopwens pou antre Pòdpè jodi apwèmidi 25 septanm lan, kèlke kilomèt komin Gwomòn, depatman Latibonit.

Enfòmasyon yo ta vle fè kwè, te genyen apepwè 15 pasajè abò, pami yo yon ti lèzanj 9 mwa, dapwè jounalis lokal, Rock Juvens Clavel nan vil Pòdpè.

Bandi yo poze lapat sou machinn nan vè 5: 00 pm, e yo dechèpiye tout sa pasajè yo te pote; konsa, yo pat pran tan pou te remèt chofè a ti Hiace la e kenbe pasajè yo. Konsa, chofè a te plonje tèt dwàt al depoze plent nan sou-komisarya komin Basen Ble a, nan depatman Nòdwès peyi a.

Comments are closed.