Gwoup gang sangwen kokorat san ras yo nan Tibwadòm kidnape yon ti bis epi touye chofè a sou plas.

951

01 – 16 – 24

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Pou pi piti yon ti otobis kidnape, yon chofè pèdi lavi li, san konte plizyè lòt motosiklèt yo sezi, se bilan zak kriminèl gwoup gang sangwen nan Tibwadòm jounen madi 16 janvye 2024 la.

Dapwè yon sous sal redaksyon nouvèl TRiboLAND fè anpil konfyans, konfime ke ti bis bandi yo kidnape a tap sòti Pòtoprens pou rantre Pòdpè, kote yo sezi tout bataklan pasaje yo, epi touye chofè a sou plas.

Poze kesyon pou konnen, ki sa ki ta lakòz lanmò chofè a? Enfòmasyon yo fè kwè se paske chofè a pat peye ti kat pasaj la ki evalye ak 15 mil dola ayisyen ki ta lakòz li mouri.

Nan moman nap pale la, majorite pasajè yo deja rantre lakay yo, sepandan chofè ki deja pèdi lavi li rete ansanm ak tout bataklan sangwen yo te sezi yo.

Comments are closed.