Manman youn nan pilye dirijan Sektè demokratik Popilè a mouri

1,165

11/06/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Madàm Cléante Solange Michel, ki se manman Majory Michel kap milite nan Secteur Démocratique et Populaire (SDP), mouri nan lanwit vandredi 5 novanm 2021 an nan lopital Bernard Mevs ki twouve li nan Village Solidarité nan Pòtopwens.

Nan yon nòt ke li fè sòti jodi samdi 6 novanm 2021 an, SDP swete nam defen an repoze nan lapè e voye yon gwo kòken chenn senpati bay tout manm fanmiy ak zanmi ki afekte yo, patikilyèman enjenyè Marjory Michel ke yo konsidere kòm youn pami pilye SDP.

Comments are closed.