Òganizasyon Sove Nòdwès, ranmase eskanp figi ri Paris kite fin badijonnen ak fatra nan vil Pòdpè

1,024

08-18-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan lide pou edeSite Kapwa Lamò a, repwann eskanp figi li k ap badijonnen nan fatra depi yon bon bout tan, òganizasyon Sove Nòdwès, mete disponib plizyè materyèl pami yo, yon kamyon fatra pou netwaye plizyè ri ak riyèl nan site sila.

Kòm prèv, byen bonè maten vandredi 18 dawou 2023 a, plizyè travayè te deja reponn prezan nan ri Paris, swa devan baryè Lise Franswa Kapwa a, epi nan do lekòl Etyèn Sentil la, pou te vin debleye kantite fatra kite badijonnen ri sila.

Yon fenomèn kita pral kite move lodè nan nen pasaje yo, e menm pwovoke blokis nan riyèl sila. Se kout men nou vin bay, nou pa nan politik, se toujou deklarasyon responsab Sove Nòdwès, ki reyini plizyè pitit Nòdwès ki twouve yo nan diaspora ayisyènn nan.

Comments are closed.