Komisè gouvènman pakè Pòtopwens lan mande pou minis jistis la mete PM Ariel Henry disponib pou jij enstriksyon Walter Voltaire.

887

Jij enstriksyon Walter Voltaire, mande pou li tande Ariel Henry, menm jan sa fèt pou divès lòt ansyen ak wo fonksyonè, nan kad dosye asasinay Jovenel Moïse la.

08-05-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon korespondans ki genyen antèt pakè Pòtoprens lan, komisè gouvènman pakè sila, mande ak minis jistis fanm lan, madam Emmelie Milcé Prophète, pou fè li konnen, atravè yon òdonans, jij enstriksyon Walter Voltaire mande pou li tande kòm temwen aktyèl premye minis peyi Dayiti a, Ariel Henry, nan kad dosye asasinay ansyen chèf Leta a, Jovenel Moïse.

San deranje desizyon jij la, komisè gouvènman an mande ak siperyè li, soulve kesyon sa a, nan kad konsèy minis yo, yon mannyè pou rive wè kouman yo ka libere pye premye minis lan, pou li ka vin reponn kesyon jij enstriksyon Walter Voltaire.

Nap raple ou, toujou nan kad dosye sila, plizyè gwo chabrak deja reponn kesyon jij la, men pèsòn nan yo pako anba kòd.

Comments are closed.