Leyogann: yon Gran Toryan nan “SWAT Team” asasine anba kout zàm

294

09\03\2020

Leyogann____(TRiboLAND) Yon Gran Toryan SWAT Team ki pote non Kadhafi Saphyr, krible anba kout zàm moun ame ki pa idantifyab nan komen Leyogann, nan zòn solèy kouche kapital la jodi 3 septanm 2020 an.

Kadhafy ki se yon enstriktè pou Groupe d’Intervention de la Police Nationale d’Haiti (GIPNH) ou SWAT Team, te viktim yon atak bandi ame nan zòn Lakil tou prè Dufò. Selon kèk sou polisyè, gro chabwak PNH la te gen difikilte ak machen li ki te anpann nan Lakil, e se nan moman sa sangwen ouvri zàm sou li.

Enstrriktè a mouri avèk plizyè bal notamman nan tèt sou yon pil fatra tou prè machen li. Li te apènn sot chèche yon moun nan èpòt Toussaint Louverture nan Pòtoprens.

Ke nanm Kadhfi repoze nan lapè e ke li tounen yon touman etènèl pou tout sa yo ki detrwi vi li.

Comments are closed.