Konsèy Prezidansyèl la se kouri pou lapli tonbe nan rivyè, daprè Batonye Lòd Avoka Pòdpè a

823

04-23-2024
Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Batonye Lòd Avoka Pòdpe a, Mèt Edler Louima di pou li menm zafè Konsèy Prezidansyèl la pa fèl ni cho ni frèt. Li kontinye pou di, Konsèy Prezidansyèl la kap pare pou enstale a se soti nan lawouze tonbe nan rivyè paske se nan plis pwoblèm yo pral lage peyia.

Pou li, li preferab pou pati politik yo te antann yo, fè yon eleksyon ak manm konsèy la pou chwazi pami yo yon Prezidan, epi sa ki vini aprè a tap Premye Minis; epi konpanse lòt y oak yon seri pòs ministeryèl paske li konnen nou fò nan separe gato. Moun sa yo ta pral gen pou misyon moute konsèy elektoral pèmanan an pou fè eleksyon rapid vit pou peyia ka sòti nan katchabounbe li ye la.

Batonye lòd la di li la pou yon bon revolisyon, si posib pou-n refè 1804 pou refè sosyete a. Li fini pou di, si nou pa touche vrè pwoblèm peyia nou fenk kare ap naje nan kriz plizyè tèt. Sitiyasyon peyi trè kritik, lavi chè, ensekirite se pwoblèm ki pa sispann souke labil ayisyen. Majorite popilasyon an vrèman pa kabap ankò!

Comments are closed.