Nòdwès : TPTC mande otorite lokal yo pran responsablite yo nan jere fatra

2,730

Par Louis Jameson
02/05/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Direksyon depatmantal travo piblik branch nòdwès mande èd ak : èvèk, prèt relijye, pastè, direktè opinyon, jounalis yo ak manm GAPENO pou kenbe Chan daviyasyon an pwòp aprè 4 jou travay ki lakoz anpil fatig.

Aloske direksyon TPTC a bò kote pal, mobilize ti fèb mwayen yo tankou 6 kamyon, yon Bob 4, 1 Backhoe lodè, 1 lodè, 1 pèl ekskavatris san konte 500 galon dizèl pou reyalizasyon yon parèy travay netwàyàj.

Yon lòt bò, direksyon depatmantal travo piblik branch nòdwès la anonse ofisyelman ke yo pap janm netwaye pis daterisaj la ankò paske l pa antre nan kad travay y ap fè. Pou koulya TPTC vize pou li konsantre tout fòs li sou twonson wout Pòdpè – Jan Rabèl nan lide pou pote yon amelyorasyon nan ane 2022 a.

Pou fini, nan okazyon konsekrasyon Monseyè Charles Barthelus la, site Kapwa Lamò a te gen pou resevwa 10 evèk; vil la te sal tankou peny tidan e se gras ak Martine Saintil, direktris Sojebank e DDTPTC ki te fè kèk chemen kwochi nan sousi pou te anpeche vil sila pran yon wont katastwòf.

Antouka, sa pa genyen yon lane depi ke Chan daviyasyon an te netwaye nan okazyon festivite kanaval 2021 yo nan vil Pòdpè. Malerezman, espas sa ki pat dwe genyen moun kap viv nan antouraj li akoz nòm ayewopòtyè yo, retounen nan kelke mwà nan menm depotwà fatra anachik la, kote sitwàyen yo ap pwofite jwe sou enkonpetans otorite yo.

Comments are closed.