Komisè gouvènman pakè Miragwan nan, Jean Ernest Muscadin frape, li mete domi nan je yon manm gang vilaj Dedye ki rele Frantzy.

824

03 – 20 – 2024

Miragwan, Ayiti ___(TRiboLAND) Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Miragwan nan Jean Ernest Muscadin, nan yo konferans pou laprès jounen lendi 18 mas 2024 la, nan biwo li, pote bon jan esplikasyon sou lanmò yon prezime manm gang Vilaj Dedye ki rele Frantzy, ki tonbe vandredi 16 mas pase a.

Chèf pakè Miragwan nan, deklare li te genyen enfòmasyon depi lè manm gang vilaj de Dye Frantzy tap pran machin pou l te desann nan peyi li ki se komin Aken, nan dat vandredi 15 mas pase a, malgre li fè chanjman plizyè rad sou li avan li rive nan fyèf li jiridiksyon Miragwan, ereezman pou li e malerezman pou bandi sangwen Frantzy, rada li te toujou ap kontwole li.

Toutfwa, alatèt pakè jiridiksyon Miragwan nan, Jean Ernest Muscadin fè konnen, menmsi ta genyen yon nouvo gouvènman ki bay bandi, asasen, kriminèl amnisti, li pap bayyo chans, li renouvle volonte li, depi gang yo mete pwent pye yo nan depatman Nip peyi a, lap mete domi nan je yo wè pa wè.

Yon lòt bò, komisè Muscadin pwofite mikwo laprès pou voye senpati li, bay konfrè li, chèf pakè jiridiksyon Tigwav la mèt Pierre Elioth Paul ki genyen manman li ki ale kite li, pandan l swete kouraj paske daprè li, lanmò se yon pasaj oblije.

Comments are closed.