Pòtopwens: Marie Raphaëlle Pierre, ko-animatris Emisyon “Kisa Nou Vle”, mache pòs li

809

04 – 23 – 2024
Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon tèks ki pibliye sou paj Facebook Marie Raphaëlle Pierre, li anonse li kite Emisyon “Kisa Nou Vle” li te konn prezante ak Sanon Thomas Rudy sou Radio Ibo 98.5 FM, chak maten.

Ansyèn ko-animatris Emisyon sila ekri ” M’pap negosye diyite-m, respè-m, onètete-m ak entegrite-m. Map rete yon profesyonèl”, dapwè responsab Radio Ibo a ki tap depoze. Li te pwofite bay tout fanatik li yo randevou sou menm Radio sila, soti lendi pou rive jedi nan Emisyon “Point du jour” chak 2è – 4è nan aprè midi.

Divès moun kòmante sou rezo yo pou di, lontan yo te wè maryaj sila tap kraze paske 2 moun sa yo gen liy diferan nan sa ki gen pou wè ak refleksyon yo. Gen menm moun ki di pou konpòtman Rudy, Marie Raphaëlle Pierre pat dwe menm al prezante Emisyon ak li.

Comments are closed.