Jij depè sipleyan Katye Vyalè Tigwav, Délicio Vernevil mande esplikasyon sou blokaj konstwiksyon nouvo Tribinal depè a.

798


04 – 23 – 2024


Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Jij depè sipleyan nan tribinal premye seksyon kominal Tigwav la, Mèt Délicio Vernevil, fè yon ti bat bouch ak laprès jounen madi 23 avril 2024 la, kote ke li mande bon jan esplikasyon sou blokaj konstwiksyon nouvo Tribinal Depè Katye Vyalè a.

Majstra Délicio denonse movèz kondisyon li di, jij Depè yo ap travay nan tribinal la, li deklare se avèk dlo nan je pou lap resevwa jistisyab yo nan yon espas degradan; menm avoka yo, se anba yon pye lila pwosedi yo fèt. Mèt Vernevil presize, nan moman lapli se yon lòt tèt chaje pou jij yo tande jistisyab yo; lè solèy se pwoblèm pi rèd e pousyè ki anvayi yo, se pa pale!

Mèt la deklare, fim kap konstwi tribinal la kanpe san yo pa founi yo okenn esplikasyon sou rezon ki ta lakoz blokaj la. Nan sans sa a, majistra Délicio Vernevil mande leta ayisyen atravè CSPJ pou rale zòrèy responsab fim konstwiksyon an, pou finalize tribinal Katye Vyalè, premyè seksyon kominal Tigwav, nan lide pou amelyore soufrans jij depè yo, jistisyab yo ak avoka yo.

Comments are closed.