Avoka yo nan bawo Pòdpè a pa sispann plenyen anba gwo vag desizyon gwo ponyèt chèf Pakè jiridiksyon Nòdwès la

891

12-16-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Depi plizyè mwa avoka yo nan bawo Pòdpè a, pa sispann plenyen akòz komisè gouvènman jiridiksyon Nòdwès la, Mèt Applys Félix, ki pa sispann pase Dwa jistisyab yo anba pye nan pran plezi fè gwo gagann ak pran vye desizyon abitrè.

Kèk avoka ki tap pale fè konnen, sa fè plizyè mwa komisè a pap byen fonksyone, li fè tèt li pase kòm sèl kok chante nan depatman an. Moun lavo, Boden, Lapwent, zanmi ak fanmiy li pa rete nan prizon.

Avoka yo pran egzanp yon endividi ke non li te site nan touye moun, komisè a lage’l yon jou dimanch san kondisyon, san konte plizyè lòt ka, pami yo, yon endividi ki te bastonnen yon gran moun anviwon 60 lane, kote komisè a pase lòd fomèl ak jij de Pè komin nan pou libere li san menm yo pa tandel.

Pou anpil avoka, komisè Applys Félix pa vini pou lape, e li pa vle tande la rezon.Yo akize li kòm kwa, li pa tande pèsòn sof ke batonye lòd avoka yo kise Mèt Edler Louima. Nan sans sa a, kèk avoka ki tap pale fè konnen, si komisè a pa resezi li yap vire van an.

Comments are closed.