Distri Legliz Advantis 7èm Jou distribiye anviwon 500 liv bay popilasyon an nan kad yon mach pasifik nan Tigwav.

1,342

03-19-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Legliz Advantis 7èm Jou nan Tigwav òganize yon mach pasifik nan okazyon jounen Mondyal Jenès distri a, aprèmidi samdi 18 mas 2023 a, epi distribiye anviwon 500 liv bay popilasyon an, selon pastè an chèf distri a, mesye Pantaléon Jean Michel.

Liv sa a, daprè pastè Pantaleon, pote non “Trajedi Dèsyèk”, pibliye epi distribiye bay popilasyonan, nan lide pou sensibilize yo atravè divès fènomèn kap pwodwi nan mond entènasyonal la ak nan nivo nasyonal la. Sèvitè Letènèl la, pran kòm ekzanp lagè ki genyen ant Ikrènn ak Larisi, afrontman ant Satan ak Lisifè.

Chèf distri Tigwav la esplike dokiman sila a, traduit reyalite sa kap pase nan mond entènasyonal ak nasyonal la, liv la pa ranplase labib, men se pandan li kapab ede w konprann bib la pi byen.

Toutfwa, Reveran pastè Legliz Advantis Tigwav la, Pantaléon Jean Michel ki pale nan non frè ak sè li yo nan okazyon an, deklare aprè distribisyon dokiman sila a, yap tann yon nouvèl transfòmasyon nan sosyete ayisyènn nan, yon nouvèl mòd refleksyon ak fason yo pral aji nan kominote yo.



Comments are closed.