Sitwayèn ak sitwayen yo nan komin Tigwav denonse Digicel ki pa sispann voye flè nan sinyàlizasyon telefonik

223
0
Share:
TRiboLAND

07 – 08 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Popilasyon tigwavyèn nan genyen gwo difikilte pou yo itilize telefòn Digicel yo di ki pa sispann voye flè nan sinyàl krizokal depi plis pase anviwon yon mwa. Se deklarasyon kèk sitwayèn ak sitwayen nan kad yon interview yo akòde bay lapwès jounen madi 07 jiyè 2026 lan, pandan yo pa vle lapwès pran imaj yo.

Sitwayèn ak sitwayen yo ki declare ke yo pa konnen ki sen pou yo adrese douvan pwoblèm sinyàl telfonik rezo Digicel la k’ap taye banda depi plis pase yon mwa. Yo rapouswiv pou yo enimere ki kantite peripesi ak difikilte yo konnen pou itilize telefòn digicel yo pou kominike ak fanmi, zanmi e latriye nan peyi Dayiti ak lòt bò dlo; san konte tranzaksyon Moncash ak plan entènèt ki pa kapab pase.

Yon lòt kote, abòne yo ki kritike responsab Digicel yo nan Pòtopwens, lonje dwat sou derespektan ak iresponsablite konpayi a, lè yo chwazi pa mete deyò yon kominike pou enfòme popilasyon an dekilakyèl ou ki sa bagay la ye. Nan sans sa a, abitan yo mande dirijan Digicel yo pou voye teknisyen vin gade sa ki genyen an prese – prese yon fason pou retabli sinyalizasyon telefònik yo nan komin Tigwav ki tonbe nan yiyan yiyan!

Share:

Leave a reply