Fòs Nou ak alye li yo salye pèp ayisyen an jeneralman, popilasyon Pòtpe an patikilye

685

Pòtpe, lendi 22 Avril 2024.

Nòt pou laprès.

Nou menm gwoup òganize, denonse epi kondane zak malveyan nominasyon yon sèten Guyno ensikoni ki se moun Ènri, ki kite lakay li pou move zafè pou ta vin direktè jeneral mèri Pòtpè a. Nominasyon sila se yon souflèt anplis pou tout pitit komin nan. Se dènye kout tiwèl pou bouche kav la. Sa vle di pou yo komin nan kondane pou se sangwen kap kontinye fè lalwa.

Menm paveni sa te nan ekip yon sibstiti komisè ministè lajistis voye ale pou kòripsyon nan pakè Pòtpè a.
Nap fè sonje pa gen pèsonn moun depi yon bon bout tan ki gen okenn lejitimite ak moralite pou pran okenn angajman nan non popilasyon Pòtpè a atravè mèri a, paske pèp la jete yo nan poubèl deja.

Nou voye jete byen lwen desizyon sila epi voye pinga bay tout malfektè ak tchoul ki ta enplike nan fè move aksyon nan non minisipalite a. Pandan FòsNou ak alye li yo pran ak sou nominasyon konsèy prezidan yo, nou salye epi felisite chak sektè ki ladanl.

Nap atire atansyon chak grenn manm sou ijans peyi a genyen menm jan ak Pòtpè pou nou redemare ak Ayiti nou an. Pòtpè gen anpil ijans pou repare gwo dega ekip vwayou sa yo komèt sou minisipalite a.
Nou toujou rete kwè ULCC ak CS/CCA ap itil nan demach nòmal la.
Viv Ayiti.
Viv Pòtpe.

Mackenley Le Petit JOSEPH

Sekretè Jeneral
FòsNou ak alye.

Comments are closed.