Divès abòne Elektrisite Dayiti (EDH) nan Tigwav denonse pouvwa anplas la yo di ki pa genyen volonte pou retabli kouran nan vil Tigwav.

1,053

05- 28-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Divès abòne Elektrisite Dayiti (EDH) nan yon entèvyou yo akòde ak la près aprèmidi samedi 27 me 2023 a, pa mete dlo nan bouch yo pou denonse gouvènman defakto Ariel Henry a, yo di ki pa genyen volonte pou retabli kouran elektrik nan vil Tigwav.

Pou abòne yo, se sèl Ayiti sou planèt la kote moun ap fè plis pase 2 lane san kouran elektrik. Sitwayen abòne yo ki deklare, kouran an se yon pwodwi transvèsal, depi pa genyen kouran, li fè gwo enpak negatif sou fonksyonman sosyete a, mete sou sa absans kouran jenere ensekirite.

Konsomatè EDH yo mande gouvènman defakto PHTK ki genyen Ariel Henry nan tèt li a, pou genyen yon tikal jènman; paske se sèl Ayiti ki bay kalite lidè sa yo sou planèt la. Mèyè fè prèv konsyans ak pudè, pou retabli kouran nan vil Tigwav prese-prese jan sa te konn fèt avan.

Toutfwa, abòne yo ki fè konnen yo bouke, yo pa ka viv nan fènwa ankò, se twòp atò pandan yo presize si pa genyen anyen ki fèt pou retabli kouran nan vil la, yo menase bloke wout Gran Sid la, pou fè leta ou gouvèvnman koupyon an tande yo.

Comments are closed.