Kouzen Mikaben, Frédérick Dupoux jwen liberasyon li anba men kidnapè yo

1,483

10-19-2022

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Anpil vwà aprè nouvèl lanmò bwit sou kou atis mizisyen Michael Benjamin alyas “Mikaben”, suplikasyon yo ou rekèt pou libere yon kouzen defen a pat sispann miltipliye.

Swit ak vag egzijans sa bò kote diferan aktè, kidnapè yo te oblije relache Frédérick Dupoux lanwit madi 18 oktòb 2022 a. Sepandan, kondisyon liberasyon Frédérick sou baz ranson pa devwale.

Antouka, “Fredo Libere” aprè anpil gras e mezerikòd! Konsa, li genyen pou kontinye fè fas ak reyalite lanmò sibit kouzen li “Mika”, yon ikonn ayisyen ki ayisyen nan san.




Comments are closed.