Reprezantan òganizasyon fanmi lavalas la, Nesly Voltaire nan tèt yon delegasyon akonpaye divès manm konsèy prezidansyèl la (CP), pami yo espè nan zafè sekirite, vizite palè nasyonal kraze a.

820

04 – 22 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Nesly Voltaire nan tèt yon delegasyon akonpaye divès manm konsèy prezidansyèl la, (CP), pami yo espè nan zafè sekirite, vizite palè nasyonal kraze a jounen lendi 22 avril 2024 la.
Selon chèf delegasyon an, Nesly Voltaire, vizit sa a, reyalize, nan lide pou gade avansman preparatifs yo pou enstalasyon nouvo konsèy prezidansyèl la (CP).

Aprè vizit la, espè yo te bay konsèy la avi yo, nan lide pou fikse dat enstalasyon an. Antretan direktè jeneral polis nasyonal Dayiti a, mesye Frantz Elbé deklare, li pral bay bon jan garanti pou fasilite enstalasyon nouvo konsèy prezidansyèl la, nan palè nasyonal.

Comments are closed.