Sen Lwi Disid: fòs sekirite PNH yo fouke 2 prezume bandi sangwen

200

01/11/21

Sen Lwi Disid_____(TRiboLAND) Ajan lòd PNH yo nan konplisite avèk Komisè Gouvènman an, Me Jean Ervé Janvier arive mete men nan kòlèt 2 prezume bandi sangwen dimanch maten 10 janvye 2021 an nan zòn Mòn Wouj ak Lasalin, 2èm seksyon kominal Sen Lwi Disid.

Bandi sa yo ke yo t’ap chèche tankou chyen fou pote non: Kervens Léger ak Jean Wilson Laborier alyas “Papayoyo” ki gen akizasyon malfektè, asasina, vòl men ame, daprè enfòmasyon otorite lokal yo fè sòti.

N’ap raple, Papayoyo te toujou ap danse kole avèk yon gang kap feraye nan Aken e li te vinn travèse nan Sen Jorj kote ke li tap fè lapli ak botan; tandis ke Kervens Léger te deja jwen santans li pa koutimas anba lobedyans Tribinal Premyè Enstan Aken.

Comments are closed.