Anbyans lokal: Chanpyona foutbòl vakans dete nan Gicha

1,382

07-29-2022

Gicha, Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon chanpyona foutbòl vakans dete, òganize nan lokalite Koray Gicha, 3èm seksyon komin Senlwidinò. Konpetisyon distraksyon sa, te reyini 10 ekip nan diferan lokalite, poun site Laperyè, Koray Balatye, wòch won e latriye.

Selon Kazèk 3èm seksyon an, Leonel Timo deklare, yon parèy tounwa arive òganize nan objektif pou chase nonsèlman estrès nan mitan popilasyon 3èm nan, men tou pou rekonfonte jèn yo ki fin pèdi lespwa, pandan ke aktivite gang ap pouse moun mete deyò nan kanton an.

Faz final la planifye pou 16 septanm kap vini la a. Kazèk Timo mande tout moun bòn volonte, pou ede yo nan fason yo kapab pou chapyona a fini san oken difikilte.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.