Bandi sangwen kidnape Abigael Luxama, 21 lane

340

03/21/2021

Pòtoprens______(TRiboLAND)  Yon lòt flè, yon lòt jenès e yon lòt “matin de la vie” anlve yon lòt fwa ankò anba je otorite ki echwe menm nan dirije ou administre yon katye, pou pa di yon peyi. Abigael Luxama 21 lane, se nouvo etidyan ki viktim de yon zak kidnapping nan zòn Christ-Roi samdi 20 mas 2021 an.

Yon sous medyatik konfime ke Abigael te ale nan mache samdi maten 20 mas la; pandan jounen an, fanmiy lan t’a p chèche’l san pran souf nan plizye komisarya, lopital e latriye nan kapital la. Enkyetid yo pat mens ditou pou fanmiy ki te plonje nan angwase alamant  pou rive jous aswè san nouvèl.

Se konsa, maten dimanch 21 mas 2021 an, yon kout fil mawon kè sere t’ap pràl lèse manman an tande vwa Abigael ki t’ap soupliye kidnapè yo pou yo pa fè’l sa e ke t’ap rele pote’l sekou paske yo kidnape’l, daprè yon sous familyàl ki deklare ke ranson an poko detèmine.

Nap raple, Abigael se yon òfelen san papa; se depi li tou piti manman an ap bat dlo pou fè bè pou elve li.

Comments are closed.