Bandi ak gwo zam manch long atake lokal Fakilte Medsin, Famasi ak Syans enfimyè nan Pòtoprens.

905

04 – 21 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Bandi ak gwo zam manch long anpil moun idantifye sou non regwoupman gang Viv Ansanm, atake epi dechouke nan lanwit samdi 20 pou leve dimanch 21 dimanch 2024 la, Fakilte Medsin Famasi ak Syans enfimyè nan Pòtoprens.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, ta fè kwè, genyen anviwon plizyè mwa depi gang sangwen yo ap prepare dechoukay yonn nan pi gwo enstitisyon k’ ap fòme moun andedan peyi a.

N’ap raplew depi yon bout bout tan, lopital, lekòl, legliz, famasi, bibliyotèk, poun site sa yo sèlman se sib gang sapat yo nan depatman Lwès peyi Dayiti.

Comments are closed.