Patizan Adrien Louis, alyas Pakèt Afè, mete dife nan kay ak biznis prive Renel ensi koni ke yo akize ki ta touye Adrien Louis.

843

04 – 22 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Li te nan lè 6 zè aswè vandredi 19 avril 2024 la, yon gwoup nèg kagoule mete dife nan biznis prive Renel ensi koni, yo akize li kòm pwezime kriminèl ki ta mete fen nan lavi Adrien Louis, alyas Pakèt Afè, manm gwoup Bagay Nèf nan Sentelèn.

Renel, prezime asasen an, depi aprè li te finn bay Adrien yon katouch nan janb, te al mouri lopital nan yon lopital nan Okay, depatman Sid peyi a.

Nap fè remake nan moman gwoup moun sa yo, tap mete dife nan kay ou biznis Renel, pat genyen okenn entèvansyon polisyè, ni tou Renel ensi koni pat sou plas, paske depi anviwon twa jou Renel mete van nan vwèl li.

Comments are closed.