Senlwidinò / seremoni gradyasyon “Beyond Relief Trade School International Ministries”.

1,412

07-10-2022

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Anviwon 100 resipyandè gradye nan divès opsyon epi resevwa yon diplòm fèt e founi nan lekòl “Beyond Relief Trade School International Ministries” jounen dimanch 10 jiyè 2022 a nan komin Senlwidinò.

Jounen dimanch 10 jiyè a, “Beyond Relief Trade School International Minitries” ak konplisite lekòl “Pwofesyonèl Pyèridjew”, deside òganize yon seremoni gradyasyon “hors de l’ordre commun” nan objektif pou selebre “SUKSÈ” pwomosyon 2021-2022 a.

Direktè jeneral BRTSIM la, ki tap pran lapawòl nan sikonstans grandyoz sa,  soulinye kantite jefò lap fè pou ede divès jèn fi ak jèn gason soti nan chomaj e fasilite pitit moun ki san espwa yo, gen yon pwofesyon pou itil yo demen.

Resipyandè yo, nan diskou yo, remèsi estaf lekòl la, pou devouman yo ak responsabilite yo; konsa, yo pwomèt yon franch kolaborasyon ak ekip direksyon an.

Pierrilien Nicol Colly, TRiboLAND

Comments are closed.