Gwo zotobre kap mennen direksyon bwat OFATMA yo, fè wout kwochi ak plizyè materyèl ki te disponib pou lopital OFATMA nan depatman Nòdwès peyi Dayiti.

927

12 – 20 – 2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Lopital Inivèsite OFATMA a nan Nòdwès ap pase yon tray anba dirijan sangwen ki lage tout boulin nan boycotte ouvèti lopital sila ki fini depi dig dantan.

Apre gwo eskonbrit detounman lajan ki te disponib pou konstriksyon 5km wout Twarivyè/ Lasalin, pou te leve eskanp figi lopital la kap patoje nan gwo ma labou, sètfwasi se detoutman plizyè materyèl ki te disponib pou ouvèti lopital sila.

Enfòmasyon ki ta rive sikile sou rezo sosyal yo, ta fè kwè, Marie Leandre Carline ki se direktris depatmantal biwo OFATMA branch Nòdwès la, ta deklare ke se direktè jeneral OFATMA a msye Carl François, ki te ba li lòd pou li livre kèlke materyèl ki te deja disponib pou lopital OFATMA Lasalin nan ak kèk patikilye.

Rejwenn direktris la sou telefòn, tout fwa Madam Marie Leandre Carline fè konnen, se difamsyon k ap fèt. Yon dosye ki ta sanble sou wout pou li pran pye lajistis.

Yon enfòmasyon ki leve plim sou do divès sitwayen nan depatman Nòdwès la e mande ak ULCC, DCPJ, ak tout lòt enstans konsène yo, mennen prese prese yon ankèt sou gwo zotobre sila yo, pou detoutman materyèl.

Nap raple, otorite sangwen yo tèlman mechan nan Nòdwès ke yon pwan pratik chak fwa yo kite yon bwàt Leta, yo ale ak anpil materyèl enstitisyon etatik yo lakay yo tankou: òdinatè, dèlko, pano solè, chèz, biwo, machin, motosiklèt, televizyon, siman e latriye. Nèg Lakay se kriminèl ki merite pann!

Comments are closed.