Sèktè Demokratik e Popilè divòse ak Ariel Henry

2,334

08-02-2022

Pòtoprens, Ayiti_______(TRiboLAND) Nan yon deklarasyon ke li fè bay jodi madi 2 dawou 2022 a, youn nan dirijan Sèktè Demokratik e Popilè, ansyen senatè Nenel Cassis anonse yon divòs ak Ariel Henry sou baz akò galimatcha 11 septanm nan.

Demakaj ou kraze yon kite sa ak akò 11 septanm nan arive nan yon moman gro dife volan ak dezawà sispèk ant akolit konpayèl Cassy yo ki se André Michel ak Marjorie Michel, yon triyo ki te asèpte evanjelize Premye Minis Ariel Henry.

Jodi madi a, Cassy pa kache devwale ke fòmasyon politik SDP divòse ak gouvènman Ariel Henry ki afiche yon konpòtman enkonpetan fas ak bezwen ijan popilasyon an. Problèm ensekirite, krim sanginè ak finasyè san konte pri prodwi premyè nesesite yo kap bay lawouli, gagotay pri gaz la, ak enflasyon goud la kap pèdi plim e latriye. Se tout yon kantite kriz kap ronje sosyete a, daprè Cassy.

ki vle fè konpran se rezon tanjib ak palpab sa yo ki jistifye yon kraze kite sa ak akò 11 septanm nan. Senatè Nip lan te genyen anpil difikilte pou li te konfime retrè lòt manm yo tankou André Michel ak Marjorie Michel, 2 reselè Nenel Cassy ki pat prezan nan moman konferans lan.

Comments are closed.