Ayiti ensekirite: Etazini mande yon repons rapid kont awogans gang yo, pandan l’ap envite CPT a ak gouvènman Conille lan resezi yo

282
1
Share:
TRiboLAND

Par TRiboLAND.com

Pwason an ap pouri nan Pòtopwens; gang yo detèmine pou pa kite pèsòn okipe tèritwa ki pa sou lobedyans yo. Konsa, yo sèmante mete do gouvènman ayisyen an atè plat. Konsa, peyi Etazini ta sanble pa wè dènye devlopman sou awogans ak zak kriminèl gang yo depase lizyè e trè enpètinant; konsa, peyi blan meriken ki genyen anpil enfliyans nan tout sa kap pase peyi Dayiti, mande atravè secretè Deta li pou Afè Emisfè oksidantal la, Brian Nichols, ekspwime konstènasyon li e kondane avèk anpil rigè konpòtman kriminèl gang sangwen yo.

Diplomat Nichols deklare sou kont “X” li ke koupab yo dwe reponn pou zak malonnèt yo devan lajistis ayisyèn e entènasyonal.

Malgre tout gro pozisyon peyi Etazini, ki pa sanble nouvo depi plizyè ane “woule nan farinn”, yo kontinye mande dirijan ayisyen yo tankou CPT ak gouvènman an, pou yo groupe nan tèt kole ak kolaborasyon djanm nan kad batay kont gang sangwen yo anndan peyi Dayiti. Brian Nichols, rabat pou li raple dirijan sibaltènn yo ke moman pa dwe nan chire pit, paske bagay la pa piti.

Pandan tan sa, responsab ameriken yo kontinye ap bay efò gouvènman Garry Conille an. Yo ankouraje ke sa CPT a define kòm pwiyorite nasyonal, rete pwiyorite, si tout fwa si se sa kap re-etabli lòd ak estabilite nan peyi a.

Share:

1 comment

  1. Mangaclash 25 October, 2024 at 04:17 Reply

    Mangaclash naturally like your web site however you need to take a look at the spelling on several of your posts. A number of them are rife with spelling problems and I find it very bothersome to tell the truth on the other hand I will surely come again again.

Leave a reply