Gouvènman Ameriken an depòte yon latriye Ayisyen, alòske mafya nan komisarya Kap-Ayisyen an soti pou mande 1 a 3 mil dola ameriken avan pou yo ta relache yo bay fanmiy yo

910

04 – 19 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Gouvènman Ameriken an depòte anviwon 70 ayisyen jounen jedi 18 avril 2024 la, avyon ameriken an mete debake konpatriyòt sa yo ki ta sanble ki te nan sak pa sa lakay Tonton Sam, nan ayewopò Entènasyonal Kap-Ayisyen an.

Daprè detay, divès moun sa yo, Administrasyon Biden lan deside pimpe moun sila yo sou akizasyon ou enplikasyon trafik dwòg, asasina ak asosyasyon malfektè. Anpil nan depòte sa yo kapab rete nan prizon nan peyi Dayiti, daprè sa kap manniganse nan Jistis ayisyèn lan. Sepandan, genyen yon aktivite raketè ki ta deja ap manniganse nan Komisarya Kap-Ayisyen an, kote yap reklame bò kote kèk nan depòte yo 1 jiska 3 mil dola lajan vèt, avan yo ta relache yo bay fanmiy yo.

Enfòmasyon yo ta menm fè kwè menm nimewo telefònn “Zelle” yo bay moun yo pou peye magogo a. Nap raple, pwatik delwayal raketè sila yo ale depaman ak sa ONM ak Anbasad Ameriken nan Pòtopwens entèdi; sitou si depòte yo te deja sibi pènn yo nan peyi Etazini.

Comments are closed.