Sekretè jeneral Vizyon ayisyèn dwa moun nan komin Tigwav mande gouvènman sòtan an, pou pa retade pwosesis enstalasyon nouvo (CP).

819

04 -19 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Gouvènman sòtan an, pa dwe retade pwosesis enstalasyon nouvo konsèy prezidansyèl la (CP) paske genyen twòp ijans nan peyi a, se deklarasyon sekretè jeneral Vizyon ayisyèn dwa moun nan komin Tigwav, (VHDH) Mèt Jules Romilus nan kad yon entèvyou li akòde ak laprès jounen jedi 18 avril 2024 la.

Pou militan dwa moun nan, genyen plis ke ijans nan peyi a, gouvènman demisyonè a, pa dwe tonbe nan fè dilatwa pou pèmèt CP enstale prese-prese, alòske gang yo pa chome, kote dèmilye sitwayènn ak sitwayen kouri deplase kite kay yo anba bal bandi sangwen, kriminèl yo,, ki daprè li, moun mouri nan tout lari, se chyen kap manje kadav yo, timoun pa kapab ale lekòl, pa genyen lopital, tout biznis, biwo leta yo rete ak pòt fèmen elatriye….

Nan Sans sa a, alatèt VHDH la, Mèt Jules Romilus mande mesye dam gouvènman demisyonè a, pou montre ke yon genyen yon tikal imanite lakay yo nan kad debloke peyia.



Comments are closed.